Aba move trètman pwofesè ap sibi /piblik ou prive

Nou menm pwofesè ki nan kat kwen peyi Dayiti nou konstate:

  1. Pwofesè pa gen okenn valè nan je otorite yo(minis edikasyon an,premye minis lan,ak prezidan)
  2. Plis pase 8mil dosye pwofesè ak pèsonèl edikasyon an(aryere salè ak pèman pbloke nan ministè finans)
  3. Pa gen okenn efò ki fè pou pwofesè kap travay nan lekol prive a pou jwenn sibvansyon ke prezidan te di lap ba yo a
  4. Gen anpil anseyan ki nan sal de klas kap tann lèt nominasyon yo.
  5. Dola ameriken an vo104goud e yon pwofesè ap touche 10mil goud sa vle di chak mwa salè yon pwofesè pa vo 100dola meriken
  6. Pa gen okenn avantaj sosyal pou pwofesè kap travay nan sektè piblik la nan kat kwen peyi a

Nan sans sa nap mande prese prese:

  1. Pou otorite yo pran tout dispozisyon pou bay pwofesè lekol piblik yo sibvansyon an
  2. Pase ministè finans lòd pou peye tout aryere salè ak peye pwofesè ki gen lèt nominasyon nan men yo
  3. Bay pwofesè yon salè de baz de 75mil goud
  4. Bay chak pwofesè yon tikat 10mil goud kòm frè
  5. Valorize eksperyans ak konpetans nan administrasyon piblik la

Soutyen ak tout pwofesè nan kat kwen peyi a    Contacter l'auteur de la pétition

Signer cette pétition

En signant, j'autorise Soutyen ak tout pwofesè nan kat kwen peyi a à transmettre les informations que je fournis sur ce formulaire aux personnes ayant un pouvoir de décision sur cette question.

Nous ne publierons pas votre adresse e-mail en ligne.

Nous ne publierons pas votre adresse e-mail en ligne.








Publicité payante

Nous ferons la promotion de cette pétition auprès de 3000 personnes.

Apprendre encore plus...