Pou egzije demisyon Madam Yannick Luc nan direksyon École Frère Hervé

 

 

 

                                                          SenMak, 19 Mas 2024

 

 

 Nou menm, ansyen elèv École Frère Hervé, ak manm Sosyete sivil nan vil SenMak, Nou pran nòt aksyon ki poze lekòl la nan dat 26 Fevriye 2024. Kote sè Yannick Luc imilye yon elèv NSIII. Yon zak imoral ak degradan ki reflete anpil sou nivo moralite moun ki poze zak sa. Lekòl se yon espas sosyalizasyon ki ap prepare moun pou viv nan sosyete a selon valè moral li transmèt yo. Se inakseptab moun ki ap dirije enstitisyon eskolè yo ap pilonnen valè moral yo jis rive nan atake diyite timoun ki pral entegre sosyete avèk twomatis li sibi lekòl. Eskandal sa se pami yon bann lòt zak imoral ki pa fè bri anndan lekòl yo, otorite konpetan nan sistèm edikatif Ayisyen an dwe sèvi avèk li kòm egzanp pou frennen sa yon fwa pou tout. Pratik enstriksyon esklavajis sa yo kreye anpil dezekilib sosyal, sosyete a dwe bani mòd pratik lawont sa yo e mete pinga pou yo pa janm repwodui.

Sou baz sa:

A) Madam Yannick Luc montre li pa diy pou fè pati okenn estrikti eskolè alewè pou li ta direktris youn nan pi ansyen lekòl klasik nan peyi a "École Frère Hervé". Nou menm ansyen elèv lekòl la ak manm sosyete sivil egzije demisyon direktris la.

 

B) Nou mande MENFP (Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl) aji rapid sou ka direktris lekòl Frère Hervé nan Senmak avan sa pi grav pou sosyete a epi an menm tan fè yon sipèvizyon anndan lekòl yo anpatikilye kongreganis pou evalye modèl levasyon yo transmèt timoun yo.

 

 

 

              Nan non Lanmou nou pou peyi a ak respè nou gen pou Moun

                                                 Nou di lizay.

 

Signer cette pétition

En signant, j'autorise Sosyete sivil à transmettre les informations que je fournis sur ce formulaire aux personnes ayant un pouvoir de décision sur cette question.

Nous ne publierons pas votre adresse e-mail en ligne.

Nous ne publierons pas votre adresse e-mail en ligne.







Publicité payante

Nous ferons la promotion de cette pétition auprès de 3000 personnes.

Apprendre encore plus...