Yon Kout Rèl Pou Latibonit

 

Yon Kout Rèl Pou Latibonit

Nou menm Sitwayen Latibonit, nou leve vwa nou pou nou mande Otorite Lapolis nan Depatman an pou yo pran bon jan mezi rapid, vit, pou yo kraze tout Gwoup Gang kriminèl Teworis ki anpeche popilasyon yo viv nan zòn yo nan depatman an.

Nou mande fòk gen yon bon jan dispozisyon ki pran pou:

1). Lanse bon jan operasyon san pèdi tan pou derasine Gang yo.

2). Ranfòse efektif Polisye nan komisarya yo.

3). Mete bon jan Materyèl ak Ekipman a dispozisyon komisarya yo nan Depatman an.

Nou menm Sitwayen nan Depatman Latibonit, espesyalman nan komin Vèrèt, Lachapèl, Tirivyè, ak Lyankou, nou revòlte kont soufrans ak kalamite n ap andire anba men Gang Teworis depi plis pase 5 lane, anba je Otorite yo nan Leta a.

Nou konstate plis Leta pa pran dispozisyon pou derasinen Gang yo, se plis sitiyasyon popilasyon an ap anvlimen.

N ap raple Otorite responsab yo ke demand nou yo antre nan kad yon demach Sitwayen epi pasifik ki tradwi detèminasyon popilasyon Latibonit la ki vle viv nan lapè.

Nou swete epi egzije yon repons Rapid, Konkrè, Mezirab, epi Dirab.

Si responsab yo pa tande kri nou, epi aji Rapid, nou menm Sitwayen Latibonit, nou rezève nou dwa pou nou anvizaje tout lòt fòm inisyativ ki ka fòse Leta a tande kri nou.

Lavi moun pa ka kontinye ap Masakre anba je Leta ak Lapolis, ki se garan Vi ak Byen kretyen vivan!

Signer cette pétition

En signant, j'accepte que S.N.V puisse voir toutes les informations que je fournis dans ce formulaire.

Nous ne publierons pas votre adresse e-mail en ligne.

Nous ne publierons pas votre adresse e-mail en ligne.

J’autorise le traitement des informations que je fournis sur ce formulaire aux fins suivantes :




Publicité payante

Petitionenligne.net fera la promotion de cette pétition auprès de 3000 personnes.

Apprendre encore plus...