Petitionenligne.net

Vid la koute'n trò chè

*LÈT PETISYON*

Pou : sitwayen ak Sitwayenn ayisyen kap viv anayiti kou aletranje,

OBJÈ : Koukouwouy pou transparans bidjetè ak redevablite nan leta

Pou tout reskonsab pati politik ak òganizasyon nan sosyete sivil Ayisyen an,

 Pou dirijan Pati Politik yo,

 Pou tout fòs viv Nasyon an

Medam, Mesye, frè ak sè nou Ayisyen an Ayiti kou aletranje,

Depi plizyè lane, Ayiti ap travèse yon kriz enstitisyonèl manch long, ki make pa absans yon palman fonksyonèl nan peyia. Pou tan egzamen tout bidjè nasyonal ki adopte youn apre lòt, depi lamò prezidan Jovenèl an 2020 revele nou ke gen gwo depans kap fèt nan leta ki gen lyen ak pouvwa lejislatif la, an depi de kadisite enstitisyon sa ki te konstate ak vid li le 9 janvye 2023. Pesistans troub nan depans piblik ki gen rapò ak palman merite bonjan esplikasyon. Nou pakab rete ap gade devan blakawout otorite nou yo kreye nan jesyon lajan trezò piblik la. Alò, se pou rezon sa a, nou mande w siyatiw ak angajman w jodia poun ekzije leta Ayisyen bay nou esplikasyon imedyatman sou bibjè kite konn peye palmantè.

Rezon ki motive demach sa

1-Ogmantasyon bidjetè nasyonal la pa rive sou kondisyon lavi pèp la : Sou administrasyon Prezidan Jovenel Moise la, montan bidjè nasyonal la te atenn 144 milya goud (2017-2018). Aprè lamò Prezidan Jovenel, pandan tranzisyon an, nou etone tout bidjè ap grenpe bwa pou pase de 320,6 milya goud (2023-2024) pou rive atenn jodia, sou gouvènman Alix Didier Fils-Aimé, a yon sòm de 345,5 milya goud de pou egzèsis 2025-2026 la.

Poutan malgre gwo sòm lajan sa yo kap dekèse depi 6 zan 6 mwa, pagen ankenn gwo travay ki fèt andan peyi, ni pwodiksyon nasyonal la pa resevwa ankenn envestisman serye. Siyasyon lavi pèp la fin tonbe sou lagraba ; egal, lajan bidjè sa yo pa envesti pou bay pèp la sèvis.

 2-Dwa nou kòm pati politik pou nou jwen enfòmasyon : An absans palmantè yo pou vote e kontwole bidjè a nou ansanm dè pati politik, òganizasyon sosyete sivil, sitwayen yo bezwen konnen kiyès ki itilize lajan taks pèp la ? pati politik CPHREN mande leta pou jistifye frè fonksyonman li bay palman ki pa gen palmantè fizikman ankò a.

3- Egzijans Nou ansanm dè pati politik fè leta a :

Yon fwa ke nou fin’ siyen petisyon sa, nou egzije ansanm ke ministè finans ak ekonomi, ministè planifikasyon ak koperasyon ekstèn ansam ak lakoudèkont:

 Yon Odit konplè e endépandan sou litilizasyon tout liy bidjè palman peyia de 2020 à 2026.

  Piblikasyon yon rapò detaye transfè ki esplike nan ki sektè fon kite nan bidjè palman an kipa gen palmantè te reyafekte (Sekirite, Sante, Édikasyon, agrikilti).

 Enpinite koripsyon dwe fini an Ayiti Konsènan depans ki fèt ankachèt san kad legal palmantè.

 Siyati ke nou mete anba dokiman sa pa sèlman yon zak senbolik, li se yon zak de defans demokratik e de respè pou tout moun kap peye taks an Ayiti. Ansamn ann fòse leta mete fen nan zafè jere leta tankou bwat nwa

Pandan ke n’ap tann ou vin potekole ak nou, nan batay ansanm de pati politik ak òganizasyon nan sosyete sivil la, sitwayen yo nap mennen an, nou priye w, souple,

Medam, Mesye, pou nou resevwa yon gwo salitasyon patriyotik.

.

8.1.5- ESPAS REZÈVE POU SIYATI YO :

Oganizasyon Sitwayen Pati politik Non reskonsab Siyati

Signer cette pétition

En signant, j'accepte que CPHREN puisse voir toutes les informations que je fournis dans ce formulaire.

Nous ne publierons pas votre adresse e-mail en ligne.

Nous ne publierons pas votre adresse e-mail en ligne.


Nous devons vérifier que vous êtes humain.

J’autorise le traitement des informations que je fournis sur ce formulaire aux fins suivantes :
J’autorise CPHREN à transmettre les informations que je fournis sur ce formulaire aux parties suivantes :




Publicité payante

Petitionenligne.net fera la promotion de cette pétition auprès de 3000 personnes.

Apprendre encore plus...