Petisyon pou debloke wout gran sid la espesyalman zòn Gresye
Nou menm staff chofè ak pwopriyetè kamyon (SCPCH) Afilye avèk Sektè Transpò Terès Ayisyen (STTH), machann sendikalis yo, sitwayen ak tout itilizatè wout gran sid la nap lanse petisyon sa pou atire atansyon otorite Leta ak tout popilasyon an sou sitiyasyon grav ki genyen depi wout antre gran sid la bloke, sa ki lakoz gwo ralanti sou aktivite ekonomik yo, gen gwo difi
kilte pou transpòte machandiz ak pasajè yo, pwoblèm wout sa a lakoz lavi chofè yo ak pasajè yo an danje chak jou, anfen sitiyasyon sa gen gwo enpak sou depatman Sid, Nip ak Grandans poun site sa yo sèlman. Nou mande ak tout fòs Leta pran mezi ijan pou debloke wout la, mete sekirite sou wout la pou garanti pasaj la san danje e repare oswa amenaje seksyon ki domaje yo, bay popilasyon an enfòmasyon klè sou mezi kap pran.
Nou envite tout sitwayen, chofè, pwopriyetè kamyon yo, òganizasyon yo, legliz yo ak tout sendikalis yo siyen ou sipòte petisyon sa a pou nou ka fè vwa nou rive byen fò nan zòrèy otorite yo.
Si avan 8 jou pa gen anyen ki di nou menm ak popilasyon an ap pase nan yon lòt faz.
Fèt miragwàn nan depatman Nip 13 Avril 2026, Ayiti
Staff Chauffeur et propriétaire de camion D'Haïti Représenter par Prenel Plaisir Contacter l'auteur de la pétition