N ap egzije HEB meyè tretman pou Dr Léandre Moïse

Dr Léandre Moïse te rantre Bonbadopils nan lane 1995 pou fè sèvis sosyal li. Li ta pwal tou nome nan lopital la ki pa t janm konn gen medsen estab. Se te toujou moun k ap vin fè sosyal...Doktè Léandre sove anpil vi nan awondisman an. Nou poko jwenn okenn repwòch pou doktè a. Okenn fanm (ki souvan sibi asèlman), pa janm akize doktè a te menm mal gade yo oswa te fè yo chantay pou ba yo yon sèvis. Nou an 2023, administrasyon an ta sanble egzije li pou kite sèvis la. Pou kèlkeswa rezon an (laj, tan, konpòtman), nou menm kòm jèn benefisyè konpetans ak konesans doktè Léandre, pou rekonesans nou tou (paske l sove lavi anpil fanmi ak pwòch nou), nou egzije HEB yon meyè tretman pou doktè Léandre Moïse. Yon moun ki te bay lavi l atè a la pou ede moun, pa merite pou ap soti nan fenèt ak ti pakèt anba bra. Pou sa, nou mande :

  1. HEB dwe swiv tout règ nan dwa administratif pou l jere kèlkeswa pwoblèm li te ka gen ak Doktè Léandre.
  2. HEB dwe prezante doktè a lèt eskiz sou fason y ap pouse do li a apre 28 lane sèvis nan Bonbadopolis.
  3. Doktè Léandre, si tout fwa l ap kite, dwe soti ak tèt li wo, ak fyète epi san regrè pou kontribisyon li te pote nan kominote a.

Signer cette pétition

En signant, j'autorise Iki Mag à transmettre les informations que je fournis sur ce formulaire aux personnes ayant un pouvoir de décision sur cette question.

Nous ne publierons pas votre adresse e-mail en ligne.

Nous ne publierons pas votre adresse e-mail en ligne.








Publicité payante

Nous ferons la promotion de cette pétition auprès de 3000 personnes.

Apprendre encore plus...