Demisyon komite TC PM la.
Fas ak iresponsabilite ak enkonpetans komite a, nou deside mande demisyon prese prese chak manm nan ekip sila a.
Motif desizyon sila a, chita sou pwen sa yo:
1- Zewo rezilta nan jere motivasyon TC PM la.
2- Zewo rezilta nan negosye avantaj TC PM la.
3- Zewo rezilta nan respekte chak pwomès yo te fè pou bon jan avansman TC PM la.
4- Zewo sans lidèchip ak sans responsabilite.
TC PM lan, vle koupe fache ak tout siy enkonpetans sa yo.
Nou mande prese prese demisyon komite aktyè l la. Nou mande yon enstalasyon yon lòt ekip pou bon avansman TC a.
Siyen petisyon sa, se pran pozisyon w. Se pran desizyon ki nan avantaj tout TC a. Se di kaba ak enkonpetans!
TC PM IERAH Contacter l'auteur de la pétition