Viv Revolisyon Kreyòl La - Viv Ayiti, Yon Sèl Lang Ofisyèl: Kreyòl

Yon_sel_lang_yon_sel_Ayiti1.png

REVOLISYON KREYÒL

MANIFES REVOLISYON KREYÒL LA


NOU TAP VIV TRÈ BYEN AK TOUT KÒKÒDAY NOU SOU TÈ LAFRIK, LÈ SOVAJ YO TE PRAN NOU, FÈ NOU KITE LAFRIK. SEPARE NOU AK FANMIY NOU, ZANMI NOU, AKTIVITE NOU, ZANTRAY NOU. TRAVÈSE OSEYAN ATLANTIK LA NAN MALTRETANS, ANCHENE, SAN MANJE, CHALÈ SECHE NOU, AMPIL PERIPESI; YO VANN NOU AN AMERIK TANKOU BÈT POUN TE VIN TRAVAY TÈ POU ANYEN.


SEPANDAN, APRE 400 ZAN, APRE ANPIL BATAY SANGLAN, NOU RIVE KASE CHENN LESKALVAJ LA, NOU PWOKLAME ENDEPANDANS NOU NAN DÈNYE KOUT FIZI AK LAME SAN MANMAN PEYI LAFRANS 18 NOVANM 1803.


WI SE VRE, NOU ENDEPANDAN. NOU PA GEN CHENN NAN PYE NOU. SEPANDAN NAP MANDE POUKISA SE NAN LANG KOLON YO KI TE FÈ NOU MAL ANPIL YO POU NOU FÈ TOUT BON BAGAY :

  • LWA NOU YO SE AN FRANSE;
  • LEKÒL NOU FÈT AN FRANSE,
  • LAMÈS NOU CHANTE AN FRANSE,
  • TRIBINAL NOU YO FÈT AN FRANSE,
  • POUW JWENN SÈVIS NAN BIWO LETA SE AN FRANSE POUW PALE.

ALÒSKE KREYÒL KI SE LANG ZANSÈT NOU YO PWÒP PITIT TÈ  A MEPRIZEL. LI PA ALONÈ. NOU DISKRIMINEL, NOU STIGMATIZE FRÈ AK SÈ NOU YO. LÈ NOU PA VLE YO KONPRANN SA NAP DI, NOU PALE FRANSE.

MESYE DAM, FRÈ AK SÈ AYISYEN, LÈSPRI NOU POKO LIBERE DE ESKLAVAJ KOLON YO. YO NAN TÈT NOU, YO NAN TOU KAS KOUD LAVI NOU. NOU NAN EKSKLIZYON NAN PWÒP KAY NOU.


PWOFESÈ, ELÈV, INIVÈSISTE, PWOFESYONÈL, FONKSYONÈ, POLITISYEN, SITWAYEN, KAD, TOUT MOUN AN JENERAL, LI LÈ LI TAN POU NOU KASE CHENN SA KI SOTI NAN PYE AK NAN MEN NOU, MEN KI TOUJOU BYEN JOUKE NAN LÈSPRI NOU.

SA SA VLE DI:

  • POU LIV NOU YO AN FRANSE, ENPI LÈ POU FÈ TIMOUN YO KONPRANN SE AN KREYÒL YO EKSPLIKE YO?
  • POU LIV MATEMATIK LA AN FRANSE, SAN KREOL TIMOUN YO PAP KONPRANN?
  • POUKISA MENM POU FÈ KOU GRAMÈ FRANSE, EKSPLIKASYON YO BLIJE FÈT AN KREYÒL?
  • POUKISA LÈKTI PASAJ BIBLIK YO FÈT AN FRANSE, TANDISKE MESAJ LA BAY AN KREYÒL?
  • POUKISA LWA YO FÈT AN FRANSE, JIJMAN YO FÈT AN FRANSE, TANDISKE SANTANS YO PWONONSE AN KREYÒL?
  • POUKISA SE LÈ NOU PALE AN FRANSE NAN BIWO LETA YO, LI  PI FASIL POU NOU JWENN SÈVIS?
  • POUKISA PRÈSKE TOUT AYISYEN PALE KREYÒL, YON TI PONYEN SE NAN KOLE PYESE YO PALE FRANSE, KÈK GRENN SÈLMAN KI PALE FRANSE BYEN, POU NOU AP DI E AKSEPTE FRANSE KOM LANG OFISYÈL?

NAN LIDE POU KASE CHENN LESKLAVAJ SA NAN LÈSPRI NOU, ELIMINE DISKRIMINASYON NAN MITAN SOSYETE A, NOU MANDE TOUT MOUN KI PATAJE MENM LIDE SA TRAVAY ANSANM AK NOU POU EGZIJE KE SÈL KREYÒL LA KI LANG OFISYÈL AN AYITI ANTAN KE LANG MANMAN AK PAPA NOU.

NOU PRAN DESIZYON SA PASKE:

  • LÈ NOU KONSIDERE KOU YO FÈT AN FRANSE, EKSPLIKASYON YO BAY AN KREYÒL;
  • LÈ NOU KONSIDERE TOUT SA KAP FÈT NAN BIWO LETA YO FÈT AN FRANSE;
  • LÈ NOU KONSIDERE FRANSE SE YON LANG ETRANJE MENM JAN AK ANGLE, ALMAN, ESPANYÒL ELATRIYE;
  • LÈ NOU KONSIDERE FRANSE SE LANG KOLON YO;
  • LÈ NOU KONSIDERE TOUT ABI NOU SIBI NAN MEN KOLON YO PANDAN ANVIWON 400 ZAN;
  • LÈ NOU KONSIDERE LANG SA PA POTE ANYEN KE F FÈ NOU SONJE SOUFRANS, AMÈTIM, VYOLANS FRANSE FEN NOU SIBI;
  • LÈ NOU KONSIDERE ZANSET YO TE GOUNEN POU ENDEPANDANS JENERALIZE PEYI DAYITI;
  • LÈ NOU KONSIDERE LEKÒL AYISYEN YO TOUJOU RETE ESKLAV FRANSE;
  • LÈ NOU KONSIDERE TOUT LIV KLASIK YO SE LIV ENPÒTE, KI FÈT POU YON PÈP, POU YON KILTI, POU ATENN YON OBJEKTIF;
  • LÈ NOU KONSIDERE LANG MANMAN AISYEN SE KREYÒL;
  • LÈ NOU KONSIDERE PRÈSKE TOUT AYISYEN PALE KREYÒL E KE SE YON TI PONYEN ZWIT KI PALE FRANSE TOU MALMAN;
  • LÈ NOU KONSIDERE FASILITE KI TAP GENYEN POU KONPRANN SI LIV LEKÒL YO TE EKRI AN KREYÒL;
  • LÈ NOU KONSIDERE NOU REFLECHI AN KREYÒL POU REPONN KESYON AN FRANSE;
  • LÈ NOU KONDIFERE KANTITE MOUN NOU GENYEN KI KA EKRI LIV, 

NOU MANDE, E NOU EGZIJE :

  • KE TOUT DOKIMAN OFISYÈL YO EKRI AN KREYÒL SÈLMAN;
  • KE TOUT LWA YO EKRI AN KREYÒL SÈLMAN
  • KE AYITI GEN YON SÈL LANG OFISYÈL: KREYÒL, TANKOU SENDOMENG, ETAZINI, LACHIN, LARISI, BREZIL, KIBA ELATRIYE;
  • TOUT LIV YO POU TOUT MATYÈ YO EKRI AN KREYÒL. (PWOFESÈ YO GEN KAPASITE POU YO PREPARE FEYÈ);
  • OGMANTE KOU KREYÒL YO NAN FÒMASYON KLASIK AK INIVESITÈ;
  • POU LETA FÈ PWOMOSYON POU LANG KREYÒL LA NAN TOUT PEYI A TANKOU A LETRANJE;
  • TOUT KOU YO FÈT NAN TOUT LEKÒL AN KREYÒL SÈLMAN, DEPI KINDEGADENN RIVE NAN INIVÈSITE;
  • TOUT SA KAP FÈT NAN PEYI A DWE FÈT AN KREYÒL;
  • DISKOU DEVAN ENSTANS ENTÈNASYONAL TANKOU ONI, OEA, TOUT LOT ENTÈVANSYON ENTÈNASYONAL DWE FÈT AN KREYÒL.

PASKE NOU SE YON SÈL PÈP, YON SÈL NASYON, YON SÈL PEYI. ANSANM POUN AVANSE!!!


Judson MICHEL (Téléphone: 37115708)    Contacter l'auteur de la pétition

Signer cette pétition

En signant, j'autorise Judson MICHEL (Téléphone: 37115708) à transmettre les informations que je fournis sur ce formulaire aux personnes ayant un pouvoir de décision sur cette question.

Nous ne publierons pas votre adresse e-mail en ligne.

Nous ne publierons pas votre adresse e-mail en ligne.

Nous ne publierons pas votre numéro de téléphone en ligne.








Publicité payante

Nous ferons la promotion de cette pétition auprès de 3000 personnes.

Apprendre encore plus...