*SOUP JOUMOU_PLANA* : PETISYON POU FÈ PWOMOSYON SOUP ENDEPANDANS AYITI A KI SE PLA NASYONAL AYISYEN & PLA ENTÈNASYONAL DEPI 16 DESANM 2021

 

 PLATFÒM SENDIKA REFERANS AN AKSYON

  • PETISYON POU PWOMOSYON SOUP JOUMOU AN KI SE PLA NASYONAL AYISYEN & PLA ENTÈNASYONAL DEPI 16 DESANM 2021


LANSMAN OFISYÈL KANPAY NASYONAL POU MANDE MINISTÈ KILTI AK KOMINIKASYON, MINISTÈ EDIKASYON NASYONAL & MINISTÈ AGRIKILTI FÈ PWOMOSYON  SOUP JOUMOU ENDEPANDANS NOU AN KÒM
" PLA NASYONAL AYISYEN" POU TOUT AYISYEN AK LEMOND ANTYE KONNEN SIYIFIKASYON SENBÒL SA  A

 

 

*Soti 1e janvye 2022 Pou rive 15 desanm 2022*: KANPAY Nasyonal & Entènasyonal pou fè pwomosyon PLA NASYONAL AYISYEN an ki se SOUP JOUMOU Endepandans la.


*Soti 16 desanm 2022 pou rive 02 janvye 2023*: Mobilizasyon Nasyonal & Entènasyonal pou Vilgarize Enpòtans ak Siyifikasyon SOUP JOUMOU Endepandans la

 

 

 


- Lè Platfòm Sendika REFERANS konsidere jounen jodi a kisa *Soup Joumou* nou an reprezante pou lemonn. Limanite toutantye ka sèvi avek li Kòm idantite yo ki se *Senbòl tout Moun se Moun, Ayiti manman Libète, Egalite ak Fratènite*


--Lè Platfòm Sendika REFERANS konsidere kisa senbòl Soup Joumou endepandans reprezante pou PÈP AYISYEN NAN LISTWA l.
.Senbòl Idantite ak Imanite
.Senbòl Libète ak Diyite.
.Senbòl Inite ak Solidarite.


. PETISYON sa a se yon Demonstrasyon pou Platfòm Sendika REFERANS di "* Nou menm Pèp AYISYEN nou p ap janm rete ak moun ankò ni tounen Nan Esklavaj* ".

.Nou se yon Pèp Lib Endepandan.


Lè Platfòm Sendika REFERANS konsidere "Soup Joumou" endepandans nou an konsome tout kote sou Tèritwa Nasyonal la e menm nan peyi etranje e se yon pwodui lokal.

--Lè Platfòm Sendika REFERANS konsidere "Soup Joumou" Endepandans Ayiti a sèvi nan tout okazyon, an nou di li monte Tab.


- Lè Platfòm Sendika REFERANS konsidere,  yon Pèp ki divize, k ap chèche chimen pou rekonekte tèt li, pou resoude youn ak lòt pou yon bon Jan rekonsilyasyon Nasyonal, pou AYITI ka pran wout Pwogrè ak Devlopman. Manm REFERANS yo kwè se nan Listwa ak Kilti Pèp Ayisyen an n ap jwenn Eleman Inite ak Idantite nou pou nou fè Travay sa yo.


Pandan tout manm ak senpatizan sendika REFERANS ap remèsye UNESCO ki fè SOUP JOUMOU LIBÈTE a vin yon patrimwàn kiltirèl mondyal; yo pwofite okazyon 1e janvye 2022 an pou aktyalize Revolisyon konsyans 1e janvye 1804.

Pou tout konsiderasyon sa yo ak lòt ankò, tout Fanm ak Gason ki siyen PETISYON ISTORIK sa a, PÈP AYISYEN ou ZANMI ki gen lòt nasyonalite, mande Ministè KILTI ak KOMINIKASYON Peyi AYITI Pou rann OFISYÈL
Soup Joumou Endepandans nou an kòm:" PLA NASYONAL AYISYEN".


Siyatè PETISYON sa a mande Pèp AYISYEN, soti sou Timoun ki ka konsome soup la rive sou moun ki pi Granmoun nan peyi a (Dwayen laj peyi a), potekole nan siyen dokiman sa pou Ministè KILTI ak KOMINIKASYON, MINISTÈ EDIKASYON NASYONAL & MINISTÈ LAGRIKILTI prepare yon dokiman fòmasyon pou vilgarize enpòtans ak siyifikasyon  "Soup joumou endepandans AYITI an" ki enskri nan rejis Ministè Kilti depi 21 desanm 2020 kòm " PLA NASYONAL AYISYEN" e 16 desanm 2021 kòm Patrimwàn imateryèl mondyal.

Signer cette pétition

En signant, j'autorise Syndicat REFERANS à transmettre les informations que je fournis sur ce formulaire aux personnes ayant un pouvoir de décision sur cette question.

Nous ne publierons pas votre adresse e-mail en ligne.

Nous ne publierons pas votre adresse e-mail en ligne.







Publicité payante

Nous ferons la promotion de cette pétition auprès de 3000 personnes.

Apprendre encore plus...