PETISYON POU DENONSE KONTREBANN K AP FET AK GAZ LA

M se yon sitwayen je kale ki endinye sou fason ponp gaz yo ap fè kontrebann ak gaz la, ki se yon pwodui transvèsal. Yo lage l nèt nan men revandè. M ap denonse gwo vyolans sila pandan m ap siyen petisyon an.

Lè nou konstate se doum ak galafoun ponp yo plen pou fè gwo lajan anplis. Lajan sa se ti malere ki pa gen pye sou kou pèsòn ki peye l lè galon an vin koute l 750 goud, 1000 goud. Pandan nou tout konnen se 225 goud galon gaz la dwe vann.

Sitiyasyon sa vin rann lavi a pi chè, pandan nou wè klè gen yon kategori moun li fè byen jan li ye a: Tank gaz yo, gwo kliyan doum, gwo kliyan galafoun ak gwo kliyan lannwit yo.

M deside pa ankouraje l epi denonse l, pandan m ap mande pou leta pran rèsponsablite l, pou n evite mete absè sou klou.

Si tank gaz yo pa ka vann gaz la nòmal, jan l konn ye, nou mande fèmen yo pou rezoud pwoblèm lan nan baz li. Men si li rete konsa, se pou tout moun konnen se ladan mèt gaz yo pran plezi. Nan kase kou ti malere ki deja pa menm ka manje.

M ap denonse l, m ap siyen petisyon sa pou l rive touche plis moun, paske kontrebann sila rive twò lwen atò.gaz-bon-scaled.jpg

Signer cette pétition

En signant, j'autorise Sitwayen angaje à transmettre les informations que je fournis sur ce formulaire aux personnes ayant un pouvoir de décision sur cette question.

Nous ne publierons pas votre adresse e-mail en ligne.

Nous ne publierons pas votre adresse e-mail en ligne.

Nous ne publierons pas votre numéro de téléphone en ligne.







Publicité payante

Nous ferons la promotion de cette pétition auprès de 3000 personnes.

Apprendre encore plus...