POUR UNE EDUCATION INCLUSIVE A TOUTES ET TOUS / YON EDIKASYON SAN FOS KOTE POU TOUT MOUN

24312651_10209486648354571_7311335294710919494_n1.jpg

 

 28795879_152563508893152_5785943593415868416_n1.jpgDRAF3.jpg

 

 

 

 

Nous, signataires de la présente pétition demandons au gouvernement haïtien, via le Ministère de l’Education Nationale et de la Formation Professionnelle (MENFP), de prendre les mesures appropriées en vue de garantir l’accès à une éducation inclusive de qualité aux enfants, adolescents et jeunes handicapés en Haïti. Malgré les divers engagements pris par Haïti respectivement dans le cadre des déclarations mondiales sur l’EPT (Jomtien 1990, Salamanque 1994 et Dakar 2000, d’Incheon 2015 ) de l’Organisation des Nations Unies pour l’Éducation, la Science et la Culture (UNESCO) ; la ratification et le vote respectivement de la Convention Internationale relative aux droits des personnes handicapées de l’Organisation des Nations Unies (ONU) et de la loi portant sur l’intégration des personnes handicapées pour prendre des mesures visant à garantir l’accès à l’éducation de tous les enfants et adolescents sur la base de l’égalité avec les autres, reste encore un grand défi à relever.

En effet, le taux d’accès à l’éducation pour les élèves en situation de handicap demeure définitivement trop faible, lequel est passé de 1.7% en 1998 à 10 % par rapport à ceux des élèves non handicapés, qui est passé de 40 % à 90%. Cette situation qui s’explique notamment par le refus systématique des écoles ordinaires de les accueillir, le manque de formation des professeurs, l’inaccessibilité des infrastructures scolaires et l’inadaptation du système éducatif haïtien constitue une grande barrière à la participation effective des personnes en situation de handicap dans la vie dans la société, c’est-à-dire à leur inclusion. Car, l’éducation est considérée comme un droit humain fondamental qui favorise l’exercice des autres droits.

Que demandons-nous?

Nous demandons à l’Etat Haïtien de :

  1. Prendre des mesures pour élaborer une politique publique inclusive en matière d’éducation en Haïti. En effet, l’approche inclusive en éducation est systémique. Elle suppose la transformation et la modification des contenus, des approches, des structures et des stratégies, avec une vision commune qui englobe tous les enfants de la tranche d’âge concernée, et la conviction qu’il est de la responsabilité du système éducatif général d’éduquer tous les enfants. Les enfants à besoins éducatifs particuliers ou spéciaux représentent tous les enfants et adolescents dont les besoins découlent d’une déficience ou des difficultés d’apprentissages. En ce sens, la nouvelle école haïtienne devrait prendre en compte la dimension sociale du handicap, entendu comme une entrave à la participation effective des enfants, adolescents et jeunes handicapés, résultant de l’interaction entre des caractéristiques individuelles et les exigences du milieu.
  2. Reconnaitre le droit à la compensation des enfants, adolescents et jeunes handicapés relatif aux conséquences de son handicap quels que soient l’origine et la nature de sa déficience, son âge ou son mode de vie. Cette compensation dont le fondement est l’équité, vise à répondre à ses divers besoins afin de garantir l’égalité des chances. La compensation constitue la pierre angulaire, un outil précieux de la réponse pédagogique adaptée et individualisée dans le cadre de la scolarisation des élèves handicapés au sein de la classe ordinaire.
  3. Institutionnaliser le temps supplémentaire à accorder aux élèves handicapés dans le cadre de la passation de leur évaluation. Ce temps supplémentaire doit permettre à l’élève handicapé d’être évalué sur la base de l’égalité avec les autres. En ce sens, une équipe technique composée de pédagogue notamment doit être mise en place.
  4. Définir les mécanismes d’aménagement des textes d’examens d’Etat pour préserver l’égalité des chances entre les élèves. Ainsi, l’adaptation des examens doit se faire suivant le besoin tout en tenant compte des difficultés de l’élève, elle doit permettre une évaluation efficace des compétences utiles pour l’élève avec une déficience quelconque.
  5. S’assurer que dans le budget National de la République, la subvention scolaire pour les enfants à besoins éducatif particuliers soit clairement définie. Cette mesure permettra non seulement d’améliorer l’accès de ces enfants, adolescents et jeunes à l’éducation, le maintien à l’école mais également la qualité. De plus, elle constitue un moyen pour garantir l’égalité des chances.
  6. De restructurer la Commission de l'Adaptation Scolaire et d'Appui Social(CASAS),  entité du MENFP en charge de la scolarisation des enfants et jeunes handicapés, qui reste une commission après 28 ans d’existence. Dans le cadre de cette restructuration, des mesures doivent être prises afin que ses services soient offerts dans chaque Direction Départementale d’Education.
  7. D’intégrer dans le curriculum de formation des maitres un  module ayant trait à l'éducation inclusive.

 

Nou menm moun ak asosyasyon ki siyen petisyon sa a, mande Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl pou li pran bon jan mezi pou garanti  yon edikasyon san fòs kote pou timoun ak jèn andikape yo.  Lè nou konstate malgre angajman Leta aysyen pran nan siyenyon latriye konvensyon ak deklarasyon entènasyonal tankou nan lane 1990 nan Jomsyen nan peyi Tayland, nan lane 1994 nan Peyi Espay, an 2000 nan peyi Senegal, Konvansyon sou dwa moun andikape nan lane 2009 epi tou an 2015 nan peyi Kore di Sid ; nan lide pou  ofri menm kalte edikasyon ak  tout timoun, anpil pa rete pou fèt toujou ; Soti lane  1990 pou rive jounen jodi a, to  edikayon timoun ki pa andikape soti nan  40 rive nan 90% tandiske timoun andikape soti nan 1.7% nan lane 1998  rive nan 10%. Nou kapab esplike sitiyasyon sa sitou akòz rezon sa yo : lekòl òdinè yo pa vle pran timoun andikape, batiman lekòl yo pa aksesib, pwofesè yo pa fòme san  konte sistèm nan ki pa sispann mete timoun andikape sou kote, sa reprezante pi gwo baryè pou enklizyon moun andikapeyo tout bon vre. Paske edikasyon se yon dwa zimen fondamantal ki louvri pòt pou tout lòt yo.  

Kisanou mande ?

  1. Nou mande Ministè Edikasyon Nasyonal, pou li elabore yon politik edikasyon enklizif, san fòs kote pou tout timoun, sitou sila yo ki andikape. Yon edikasyon enklizif dwe pote yon chanjman global. Sa vle di se tout sistèm nan ki dwe modifye pou vin  enklizif : pwogram kouyo, fason pwofesè yo fè kou yo ,epi yon vizyon Leta  pou chanje fason edikasyon an fèt la paske koze edikasyon se responsabilite Leta. Timoun ki genyen bezwen espesyal yo se tout timoun ki  pou yon rezon ou yon lòt fè li bezwen dispoziyon patikilye pou li aprann. Koz la kapab yon defisyans oubyen difikilte pou li aprann. Nan sans sa a, sistèm edikatif enklizif la  se yon lekòl ki ofri menm chans ak tout timoun nan mete bon jan estrikti pou elimine baryè ki kapab anpeche yon timoun, a koz devlopman l diferan,jwi dwa pou l benefisye bon jan edikasyon. Sa vle di, yon lekòl ki konprann nesesite pou li makonnen kesyon sosyal, anviwonman epi defisyans oubyen difikilte chak timoun kapab genyen;
  2. Rekonèt dwa timoun andikape yo genyen pou Leta mete mwayen nesesè pou kraze baryè ki genyen pou wè avèk defisyans lan. Mwayen sa a yo se  bon jan mezi ki vize pote akonpayman nesesè (finansye, teknolojik, lojistik, technik, moun, elatriye) ki baze sou  bezwen espesifik timoun andikape an nan ba li menm chans pou li reyisi pakou eskolè l nan yon lekòl òdinè;
  3. Enstitisyonalize kesyon tan siplemantè pou timoun andikape  yo lè y ap konpoze. Se yon mezi ki pèmèt elèv andikape a genyen menm chans ak sa ki pa andikape yo. Nan sans sa a, fòk genyen yon ekip technik pliridisiplinè ki genyen sikològ, pedagòg, elatriye;
  4. Defini fason pou amenaje tèks egzamen ofisyèl yo nan lide pou bay tout elèv yo menm chans. Adaptasyon sa yo dwe pèmèt elèv ki genyen bezwen espesyal yo evalye selon konpetans ki pral vrèman itil pou enklizyon yo;
  5. Asire ke nan bidgè Repiblik la genyen yon liy bidjetè pou sibvansyon timoun ki andikape yo epi ki genyen bezwen espesyal yo. Sa pral pèmèt plis timoun andikape al lekòl, men tou rete lekòl epi resevwa bonjan edikasyon. Se yon zouti ki garanti menm chans ak tout timoun;
  6. Pase men nan Komisyon Adaptasyon Eskolè ak Apwi Sosyal(CASAS an Franse) ki se antite nan MENFP ki responsab edikasyon timoun andikape yo, ki rete yon Komisyon depi 28 tan.  Fòk estrikti sa ranfòse pou li kapab ofri yon sèvis ki reponn ak bezwen piblik sa nan tout peyi a, sa vle di nan tout 10 Biwo depatmantal edikasyon yo;
  7. Entegre nan fòmasyon pwofesè yo yon kou sou edikasyon enklizif.  

Merci à toutes et tous de signer cette pétition !!!


Réseau Associatif National pour l’Intégration des Personnes Handicapées (RANIPH) en partenariat avec    Contacter l'auteur de la pétition