Pou Pak Espòtif Beladè a rete sou kont AJDC ak Baz NLE

Si pa gen moun pou jere n, se nou ki pou jere tèt nou. Sou fraz sa, lè nou konsidere jan Pak Espòtif Beladè a te nan yon eta deplorab, anba je moun ki la pou jere kesyon sa. Lè nou konsidere, nan yon ti kras, ki jan 2 estrikti ki se AJDC ak Baz NLE pran espas la epi fè l tounen youn nan pi bèl espas Beladè. Nan sans sa, èske yo pa vini otomatikman lejitim pou jere espas la nèt, nan yon peyi kote manke moun ki sousye pou byennèt kolektif la? Se poutèt sa, mwen, Gardy Emmanuel Mezadieu, sitwayen ayisyen, moun Beladè lanse petisyon sa, pou mande ak otorite yo nan komin nan kite administrasyon Pak Espòtif Beladè a sou kont AJDC ak Baz NLE. Paske se yo ki montre yo gen volonte ak kapasite epi konn ki jan pou jere l. Ou menm si ou dakò avè m, si ou renmen Beladè, pa ezite siyen petisyon sa. Mèsi.


Gardy Emmanuel Mezadieu    Contacter l'auteur de la pétition

Signer cette pétition

En signant, j'autorise Gardy Emmanuel Mezadieu à transmettre les informations que je fournis sur ce formulaire aux personnes ayant un pouvoir de décision sur cette question.

Nous ne publierons pas votre adresse e-mail en ligne.

Nous ne publierons pas votre adresse e-mail en ligne.








Publicité payante

Nous ferons la promotion de cette pétition auprès de 3000 personnes.

Apprendre encore plus...