Petisyon pou mande Leta Ayisyen pou louvri yon Sant Resepsyon ak Livrezon Paspò nan komin Kafou

Kafou, 10 fevriye 2023  

  1. Lè nou konsidere vil Kafou se youn pami 5 pi gwo komin ki genyen nan peyi a, 
  2. Lè nou konsidere vil Kafou se yon vil estratejik nan kesyon jewografi ak ekonomi peyi a, li konekte kapital la ak 4 depatman sou 10 ki genyen nan peyi a,
  3. Lè nou konstate kantite moun ki ap viv Kafou men ki oblije mete lavi yon an danje nan pase nan mitan sivil ak zam chak fwa yo bezwen fè yon dokiman tankou paspò,
  4. Lè nou konstate ijans ki genyen pou desantralizasyon fèt nan tout peyi a,
  5. Lè nou konstate gen lòt komin ki gen mwens demann pase komin Kafou nan zafè resepsyon ak livrezon paspò e ki gen biwo pa yo,
  6. Anplis lè nou aprann ke Meri kafou te fè yon demenn konsa nan mwa Jen 2021, epi renouvlel an Fevrye 2023.    

Nou menm Lidè relijye ak Reskonsab legliz nan komin Kafou mande :

Pou Leta Ayisyen tande kri revandikasyon pitit Kafou yo ki di yo bouke pran bal Matisan, Ti Kajou, Taraz elatriye, nan chache kote anba lavil pou fè yon Paspò, Kat indantite, Pèmi kondi, Sètifika Polis ak anpil lòt ankò.

Pou Leta santral nan tèt kole avèk lameri rive mete sou pye san pèdi tan yon Sant Resepsyon ak Livrezon Dokiman Idantite (Paspò) (Centre de Reception et de Livraison de Documents d’Identité - CRLDI) nan komin Kafou pou fasilitie pitit komin nan jwenn sèvis menm jan ak tout lòt pitit peyi a.    

Kòm kretyen / sitwayen angaje, se dwa nou pou nou ekzije sèvis nan men Leta peyi nou.


Communauté Evangélique de Carrefour    Contacter l'auteur de la pétition

Signer cette pétition

En signant, j'accepte que Communauté Evangélique de Carrefour puisse voir toutes les informations que je fournis dans ce formulaire.

Nous ne publierons pas votre adresse e-mail en ligne.

Nous ne publierons pas votre adresse e-mail en ligne.


J’autorise le traitement des informations que je fournis sur ce formulaire aux fins suivantes :